{"id":284,"date":"2024-09-13T16:12:45","date_gmt":"2024-09-13T20:12:45","guid":{"rendered":"http:\/\/yogannmagazine.home.blog\/2024\/09\/13\/atou-kooperasyon-nan-kreyasyon-antrepriz\/"},"modified":"2025-11-18T08:06:44","modified_gmt":"2025-11-18T13:06:44","slug":"atou-kooperasyon-nan-kreyasyon-antrepriz","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/13\/atou-kooperasyon-nan-kreyasyon-antrepriz\/","title":{"rendered":"Atou Koperasyon nan Kreyasyon Antrepriz"},"content":{"rendered":"<p class=\"wp-block-paragraph\">Jodi a, nou pral pale de avantaj koperasyon nan kreyasyon antrepriz. Men anvan, nou pral f\u00e8 yon ti egz\u00e8sis pratik. Pran yon kantite diri kri selon kapasite ou, mete li nan yon b\u00f2l. S\u00e8vi ak yon s\u00e8l dw\u00e8t pou eseye trape grenn diri yo. Verifye konbyen grenn ou reyisi pran. Kounya, s\u00e8vi ak de dw\u00e8t, konte konbyen grenn ou reyisi pran. Kontinye ak twa dw\u00e8t, kat, senk, jiskaske ou itilize toude men ou.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">\u00c8ske ou remake ke plis dw\u00e8t ou itilize, plis li te fasil pou trape yon pi gwo kantite diri? Yon s\u00e8l dw\u00e8t pa manje kalalou. Av\u00e8k yon dw\u00e8t ou ka goute, men ou pap ka pran anpil.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><em>Koperasyon nan Antreprenarya<\/em><\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Se menm jan ak antreprenarya. Ou ka envesti pou kont ou, men si ou vle reyisi, li pi bon pou antoure ou ak moun de kalite. Souvan, moun ki gen bon lide pa gen k\u00f2b, moun ki gen k\u00f2b pa gen tan pou travay, epi moun ki disponib pou travay pa gen ni lide, ni k\u00f2b. Sa vle di pou reyalize yon pwoj\u00e8, ou bezwen konbine f\u00f2s ak l\u00f2t moun.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Sipoze ke Mesye Roger bezwen 1,000,000 goud pou li k\u00f2manse yon antrepriz pwodiksyon pwason dlo dous. Si li pou kont li, sa ap reprezante yon gwo risk pou li, e li pap fasil jwenn montan sa a. Men si li jwenn yon l\u00f2t moun pou mete ansanm av\u00e8 l, chak moun ap mete 500,000 goud. Si gen dis moun, chak moun ap mete s\u00e8lman 100,000 goud. Sa pi fasil.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Imajine kounya ke yo divize yon milyon goud sa a an 1,000 pati sosyal, chak pati koute 1,000 goud. Yo ka kreye yon sosyete swa a responsablite limite oswa yon sosyete anonim. Nan mod\u00e8l sa a, plis moun gen kapasite pou envesti, paske 1,000 goud pi aksesib pase 100,000 goud. Moun ki envesti nan pwoj\u00e8 sa a yo vin aksyon\u00e8 nan antrepriz la, e risk la pi piti pou chak moun paske montan envestisman an piti.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><em>Mod Finansman pou Antrepriz Peyi a<\/em><\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Se mod finansman sa yo nou bezwen itilize si nou vle peyi a avanse. Chak moun ki achte yon pati sosyal nan antrepriz la ap bezwen konsyan ke se yon plasman a long t\u00e8m. Lajan yo envesti a ap retounen nan f\u00f2m dividen, ki depann de benefis antrepriz la f\u00e8 chak ane. Benefis yo rive apre tout depans antrepriz la fin peye, tankou sal\u00e8 travay\u00e8 yo ak sal\u00e8 antrepren\u00e8 a si li gen yon p\u00f2s nan antrepriz la.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Dividann sa yo se sa ekonomis yo rele &#8220;randman sou envestisman&#8221;. An mway\u00e8n, li ka reprezante ant 3% a 5% montan envestisman an pa ane. Gen ka kote antrepriz la deside pa distribye dividann, men pito entegre benefis yo nan kapital antrepriz la pou devlopman li.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Antrepren\u00e8 a, menm si li envesti lajan nan antrepriz la, dwe respekte prensip ke li se yon salarye, e li pa ka foure men nan lajan antrepriz la jan li vle. Rich\u00e8s antrepriz la pa rich\u00e8s li p\u00e8son\u00e8lman. Se inikman pati sosyal li posede ki reprezante rich\u00e8s li. Li ka vann pati sa yo si li vle, men se dapre r\u00e8gleman asanble jeneral aksyon\u00e8 yo.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><em>Av\u00e8k Koperasyon, Antrepriz Ka Kreye Plis Rich\u00e8s<\/em><\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Nan konteks Ayiti, plis nou adopte prensip travay ansanm nan antreprenarya, plis nap ka kreye gwo antrepriz ki ka bay travay nan kominote a. Yon egzanp se Tesla, kote Elon Musk posede s\u00e8lman 12.89% nan antrepriz la, epi 10 pi gwo aksyon\u00e8 yo posede s\u00e8lman 35% ansanm (Sous: Statista, jen 2024).<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Pou yon sosyete fonksyone byen, li neses\u00e8 mete anplas bonjan mekanis jesyon, tankou kontabilite serye, kontw\u00f2l sikilasyon lajan, transparans ak entegrite. Yon Kons\u00e8y Administrasyon dwe la pou veye sou resp\u00e8 r\u00e8g antrepriz la, pandan ke Asanble Jeneral aksyon\u00e8 yo responsab pou valide kontablite antrepriz la chak ane. Asanble a ka pran desizyon sou si yo pral pataje benefis yo oswa si yo pral entegre yo nan kapital antrepriz la.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Depi antrepriz la f\u00e8 yon gwo volim chif daf\u00e8, yon odit\u00e8 ekst\u00e8n ta dwe verifye kont antrepriz la chak ane pou asire transparans nan jesyon lajan an.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><em>Ki Sa Nap Bezwen Pou Fasilite Travay Nan Peyi a?<\/em><\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Nap bezwen kreye plis ak pi gwo antrepriz.<\/li>\n\n\n\n<li>Nap bezwen antreprann ansanm pou mobilize finansman.<\/li>\n\n\n\n<li>Nap bezwen amelyore jesyon ak gouv\u00e8nans antrepriz nou yo.<\/li>\n\n\n\n<li>Nap bezwen ogmante kapasite antrepren\u00e8 nou yo.<\/li>\n\n\n\n<li>Pi enp\u00f2tan toujou, nou bezwen aji.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Se s\u00e8lman l\u00e8 nou kolabore ke nou ka f\u00e8 biznis ki pi pwofitab e ki ka kreye plis travay nan kominote nou yo.<\/p>","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Jodi a, nou pral pale de avantaj koperasyon nan kreyasyon antrepriz. Men anvan, nou pral f\u00e8 yon ti egz\u00e8sis pratik. Pran yon kantite diri kri selon kapasite ou, mete li&hellip; <\/p>","protected":false},"author":4,"featured_media":2236,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"googlesitekit_rrm_CAowqciiDA:productID":"","_gspb_post_css":"","_uag_custom_page_level_css":"","_jetpack_newsletter_access":"","_jetpack_dont_email_post_to_subs":false,"_jetpack_newsletter_tier_id":0,"_jetpack_memberships_contains_paywalled_content":false,"_jetpack_memberships_contains_paid_content":false,"footnotes":"","jetpack_publicize_message":"Atou Koperasyon nan Kreyasyon Antrepriz","jetpack_publicize_feature_enabled":true,"jetpack_social_post_already_shared":false,"jetpack_social_options":{"image_generator_settings":{"template":"highway","default_image_id":0,"font":"","enabled":false},"version":2},"jetpack_post_was_ever_published":false},"categories":[9],"tags":[],"class_list":["post-284","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-societe"],"jetpack_publicize_connections":[],"jetpack_featured_media_url":"https:\/\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2025\/11\/img_0759.jpg","uagb_featured_image_src":{"full":["https:\/\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2025\/11\/img_0759.jpg",626,417,false],"thumbnail":["https:\/\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2025\/11\/img_0759-150x150.jpg",150,150,true],"medium":["https:\/\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2025\/11\/img_0759-300x200.jpg",300,200,true],"medium_large":["https:\/\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2025\/11\/img_0759.jpg",626,417,false],"large":["https:\/\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2025\/11\/img_0759.jpg",626,417,false],"1536x1536":["https:\/\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2025\/11\/img_0759.jpg",626,417,false],"2048x2048":["https:\/\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2025\/11\/img_0759.jpg",626,417,false],"trp-custom-language-flag":["https:\/\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2025\/11\/img_0759-18x12.jpg",18,12,true]},"uagb_author_info":{"display_name":"Fersam Allifleur","author_link":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/author\/allifleursam\/"},"uagb_comment_info":0,"uagb_excerpt":"Jodi a, nou pral pale de avantaj koperasyon nan kreyasyon antrepriz. Men anvan, nou pral f\u00e8 yon ti egz\u00e8sis pratik. Pran yon kantite diri kri selon kapasite ou, mete li&hellip;","jetpack_sharing_enabled":true,"jetpack-related-posts":[{"id":2393,"url":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/10\/yogann-magazine-reprann-yon-entevyou-jounalis-lovely-charles-reyalize-ak-diery-marcelin\/","url_meta":{"origin":284,"position":0},"title":"Yogann Magazine reprann yon ent\u00e8vyou jounalis Lovely Charles reyalize ak Diery Marcelin.","author":"Jouvens Guelord","date":"January 10, 2026","format":false,"excerpt":"Se yon dyal\u00f2g sou fason li rive marye metye jounalis la ak s\u00e8vis kominot\u00e8. Plim Diery Marcelin pa s\u00e8lman enf\u00f2me. S on plim k ap aji. L.C.- Avan w te k\u00f2manse enplike w nan travay t\u00e8ren ak moun ki pi defavorize yo, ki travay ou t ap f\u00e8 nan pr\u00e8s\u2026","rel":"","context":"In &quot;Actualit\u00e9s&quot;","block_context":{"text":"Actualit\u00e9s","link":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/category\/actualites\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/54792a90-83be-4ef2-8582-74f67aac408b-1.jpg?fit=1200%2C965&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/54792a90-83be-4ef2-8582-74f67aac408b-1.jpg?fit=1200%2C965&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/54792a90-83be-4ef2-8582-74f67aac408b-1.jpg?fit=1200%2C965&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/54792a90-83be-4ef2-8582-74f67aac408b-1.jpg?fit=1200%2C965&ssl=1&resize=700%2C400 2x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/54792a90-83be-4ef2-8582-74f67aac408b-1.jpg?fit=1200%2C965&ssl=1&resize=1050%2C600 3x"},"classes":[]},{"id":2854,"url":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/13\/kay-agwonom-yon-patrimwan-yogann-k-ap-disparet-ti-kras-pa-ti-kras\/","url_meta":{"origin":284,"position":1},"title":"Kay Agwon\u00f2m: yon patrimw\u00e0n Yogann k ap dispar\u00e8t ti kras pa ti kras","author":"Jouvens Guelord","date":"March 13, 2026","format":false,"excerpt":"Pou anpil moun, Kay Agwon\u00f2m lan pa s\u00e8lman yon jaden mango. Li se yon pati nan memwa kolektif z\u00f2n nan, yon eritaj ki rakonte kijan agrikilti te konn pote lavi ak rich\u00e8s nan kominote a. Se pout\u00e8t sa kestyon an ap poze jodi a:\u2028\u00c8ske patrimw\u00e0n sa a ap pwoteje pou\u2026","rel":"","context":"In &quot;Agriculture&quot;","block_context":{"text":"Agriculture","link":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/category\/actualites\/national\/agriculture\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/03\/img_4045.jpg?resize=350%2C200&ssl=1","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/03\/img_4045.jpg?resize=350%2C200&ssl=1 1x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/03\/img_4045.jpg?resize=525%2C300&ssl=1 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/03\/img_4045.jpg?resize=700%2C400&ssl=1 2x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/03\/img_4045.jpg?resize=1050%2C600&ssl=1 3x"},"classes":[]},{"id":2569,"url":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/02\/gonaives-anba-tansyon-chofe-taksi-mete-dife-nan-baskil-ak-meri-vil-la-apre-yon-aksidan-motel\/","url_meta":{"origin":284,"position":2},"title":"&#8220;Gona\u00efves anba tansyon : chof\u00e8 taksi mete dife nan baskil ak Meri vil la apre yon aksidan m\u00f2t\u00e8l&#8221;","author":"Destin\u00e9 Jeff Stanley","date":"February 2, 2026","format":false,"excerpt":"Gona\u00efves leve anba gwo ch\u00f2k jodi lendi 2 fevriye 2026, apre yon ev\u00e8nman grav ki boulv\u00e8se l\u00f2d piblik la. Yon gwoup chof\u00e8 taksi-moto rive mete dife nan Mer vil Gona\u00efves, k\u00f2m reyaksyon ak lanm\u00f2 youn nan kol\u00e8g yo nan yon aksidan sikilasyon. Dapre enf\u00f2masyon ki disponib yo, aksidan an ta\u2026","rel":"","context":"In &quot;Actualit\u00e9s&quot;","block_context":{"text":"Actualit\u00e9s","link":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/category\/actualites\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/68e24048-f2a7-443f-b1df-59aa2ba3979a.jpg?resize=350%2C200&ssl=1","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/68e24048-f2a7-443f-b1df-59aa2ba3979a.jpg?resize=350%2C200&ssl=1 1x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/68e24048-f2a7-443f-b1df-59aa2ba3979a.jpg?resize=525%2C300&ssl=1 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/02\/68e24048-f2a7-443f-b1df-59aa2ba3979a.jpg?resize=700%2C400&ssl=1 2x"},"classes":[]},{"id":2366,"url":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/05\/un-decembre-sans-noel-pour-certains\/","url_meta":{"origin":284,"position":3},"title":"Un d\u00e9cembre sans No\u00ebl pour Certains","author":"Cleeswood Remy","date":"January 5, 2026","format":false,"excerpt":"Comme l'ann\u00e9e pr\u00e9c\u00e9dente, pour les d\u00e9plac\u00e9s de Gressier, les oubli\u00e9s, les n\u00e9glig\u00e9s quoiqu'ils se trouvent au c\u0153ur de la ville L\u00e9og\u00e2ne, il y a pas eu de No\u00ebl 2025, pas de c\u00e9l\u00e9bration de la nouvelle ann\u00e9e 2026 dans la joie et la bonne humeur.","rel":"","context":"In &quot;Actualit\u00e9s&quot;","block_context":{"text":"Actualit\u00e9s","link":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/category\/actualites\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/img_2121.jpg?resize=350%2C200&ssl=1","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/img_2121.jpg?resize=350%2C200&ssl=1 1x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/img_2121.jpg?resize=525%2C300&ssl=1 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/img_2121.jpg?resize=700%2C400&ssl=1 2x"},"classes":[]},{"id":2518,"url":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/26\/reginald-cange-apporte-son-soutien-au-mouvement-lance-par-thoyart\/","url_meta":{"origin":284,"position":4},"title":"R\u00e9ginald Cang\u00e9 apporte son soutien au mouvement lanc\u00e9 par Thoy\u2019Art","author":"Jouvens Guelord","date":"January 26, 2026","format":false,"excerpt":"Depuis le 1er janvier 2026, un mouvement citoyen lanc\u00e9 par le collectif artistique Thoy\u2019Art suscite de vives r\u00e9actions dans l\u2019espace public ha\u00eftien. Port\u00e9e symboliquement par des enfants, la campagne d\u00e9fend une id\u00e9e simple mais percutante : les autorit\u00e9s publiques, leurs conjoints et leurs enfants devraient vivre en Ha\u00efti, et plus\u2026","rel":"","context":"In &quot;Actualit\u00e9s&quot;","block_context":{"text":"Actualit\u00e9s","link":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/category\/actualites\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/img_2962.jpg?fit=953%2C1200&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/img_2962.jpg?fit=953%2C1200&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/img_2962.jpg?fit=953%2C1200&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/yogannmagazine.com\/wp-content\/uploads\/2026\/01\/img_2962.jpg?fit=953%2C1200&ssl=1&resize=700%2C400 2x"},"classes":[]},{"id":136,"url":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/09\/quand-le-rara-devient-un-terrain-delicat-pour-les-jeunes-filles-reflexion-sur-la-danse-dans-notre-culture\/","url_meta":{"origin":284,"position":5},"title":"&#8220;Quand le RARA Devient un Terrain D\u00e9licat pour les Jeunes Filles : R\u00e9flexion sur la Danse dans Notre Culture&#8221;","author":"Jouvens Guelord","date":"March 9, 2024","format":false,"excerpt":"Dans une p\u00e9riode o\u00f9 le RARA \u00e9merge en tant qu'\u00e9v\u00e9nement culturel majeur en Ha\u00efti, il est essentiel de r\u00e9fl\u00e9chir sur les interactions et les ressources au sein de ce cadre, surtout en ce qui concerne les jeunes filles. Au-del\u00e0 de l'importance d'inclure les jeunes filles dans ces espaces, c'est un\u2026","rel":"","context":"In &quot;Rara&quot;","block_context":{"text":"Rara","link":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/category\/culture\/rara\/"},"img":{"alt_text":"","src":"","width":0,"height":0},"classes":[]}],"jetpack_shortlink":"https:\/\/wp.me\/pcBeFB-4A","brizy_media":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/284","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/4"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=284"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/284\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":374,"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/284\/revisions\/374"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/2236"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=284"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=284"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/yogannmagazine.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=284"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}