Nan dezyèm seksyon Yogann (Ti Rivyè), sou plis pase 23 kawo tè edmi, gen yon espas ki te lontan reprezante fyète ak richès agrikòl pou kominote a. Moun nan zòn nan konnen li sou non Kay Agwonòm, pandan non yo te bay li nan dokiman yo se Forêts des Manguiers. plizyè ane, espas sa a te yon senbòl travay, pwodiksyon ak devlopman pou zòn nan.
Istwa Kay Agwonòm lan kòmanse depi nan ane 1960 yo, lè agwonòm Georges Louis te vini ak lide pou mete tè a an valè. Avèk kolaborasyon kèk gwo plantè nan zòn nan, tankou Berthony Myrthil, yo te mete sou pye yon espas agrikòl ki te òganize ak metòd modèn pou epòk la. Nan tan sa a, se tabak ki te kiltive sou tout tè a. Yo te menm gen yon patenarya ak konpayi Comme Il Faut, epi te gen de batiman ki te bati espesyalman pou seche tabak la. Aktivite sa yo te pote anpil mouvman ekonomik nan zòn nan.
Plis ta, tabak la te kite plas li pou kann, ki te vann bay izin Dabòn nan. Men lè izin nan te sispann fonksyone an 1986, sa te kreye yon nouvo defi pou espas la. Se nan moman sa a agwonòm Georges Louis te pran desizyon pou plante mango sou tè a. Ant 1990 ak 1993, plizyè santèn pye mango te plante sou liy, ak bon distans youn ak lòt. Avèk tan, jaden an te vin tounen yon veritab forè mango.
Gen plis pase yon dizèn varyete mango ladan l, tankou Fransik, Madan Blan, Miska, Fil ak kèk lòt varyete ki pa menm fasil pou idantifye. Chak sezon rekòt, konpayi ki soti nan plizyè zòn, sitou nan Laplèn, te konn vini achte mango yo. Sa te bay anpil moun nan zòn nan yon sous revni. Espas la te sèvi tou kòm yon kote moun konn vin pran fre, fè reyinyon oswa pase yon moman trankil ak lanati.
Men jounen jodi a, anpil moun ap fè remake yon sitiyasyon ki ka mennen degradasyon espas sa a. Ti kras pa ti kras, gen moun ki ap klotire ti pasèl tè andedan oswa sou limit abitasyon an. Fenomèn sa a ap redui espas agrikòl la epi li menase entegrite yon sit ki gen anpil valè istorik ak ekonomik pou kominote Yogann nan.
Pou anpil moun, Kay Agwonòm lan pa sèlman yon jaden mango. Li se yon pati nan memwa kolektif zòn nan, yon eritaj ki rakonte kijan agrikilti te konn pote lavi ak richès nan kominote a. Se poutèt sa kestyon an ap poze jodi a:
Èske patrimwàn sa a ap pwoteje pou jenerasyon kap vini yo, oswa èske li pral disparèt anba presyon divizyon tè ak kloti?
Dosye sa a merite plis refleksyon, paske sa ki te yon fwa fyète Yogann nan pa ta dwe fini nan silans.
Discover more from Yogann Magazine
Subscribe to get the latest posts sent to your email.