Yogann Magazine reprann yon entèvyou jounalis Lovely Charles reyalize ak Diery Marcelin.

Se yon dyalòg sou fason li rive marye metye jounalis la ak sèvis kominotè. Plim Diery Marcelin pa sèlman enfòme. S on plim k ap aji.

L.C.- Avan w te kòmanse enplike w nan travay tèren ak moun ki pi defavorize yo, ki travay ou t ap fè nan près la ?

D.M.- Se Laprès ki mennen m nan akonpanye Frè ak Sè ki nan nesesite yo.

M antre nan Le Nouvelliste an 2018. Jiska jodi a. Mwen kolabore ak Ayibopost, Tele Pacific plis lòt medya. Tout kote, mwen te toujou entèrese anpil ak sijè sosyete yo. Apati 2021, mwen vin plis frape nan Ticket. Men g on jan m toujou eseye trennen sijè kiltirèl yo sou tèren sosyal la.

Se nan travay sou sijè sa yo, mwen pa rive fè sa m ap anseye tout aprenan jounalis mwen : separe ou menm ak travay ou. Toujou gen sansibilite m kòm moun ki pran devan.

Lè m fin atire atansyon sou Dino ak plim mwen, mwen te santi sa pa sifi. Dino sou premye paj jounal, non l nan tout medya tradisyonèl ak rezo sosyal, men li rete nan lari.

Mwen reyalize menm 10 mil atik p ap wete l nan seren an, p ap sove lavi l. Paske pèsonn pa t kwè sa posib. Tout moun te panse s on ka pèdi. Anplis, otorite ki plase pou sa pa t bay lavi piti a regle anyen pou yo.

Mwen depoze plim nan, pou m mete men. Se menm bagay la mwen fè ak Jiji anba bal bandi Gresye. E dènye ti pitit 12 lane ki viktim vyòl la, ak anpil lòt ka.

Mwen vle rete jounalis. Men ak yon mank objektivite m asime. Objektivite s on ideyal, yon ilizyon.

L.C. – Kote n ap jwenn vwa ak plim Diery Marcelin pou kounya ?

D.M.- Sou Le Nouvelliste ak Ticket. Sou medya an lign Elatriye. Sou platfòm pèsonèl mwen ( Diery Marcelin ). Sou medya an lign mwen yo : DM Post, ” The Thinker Magazine ” ak “ Mawoule Post “.

Mwen rete jounalis radyo Cool ( Leyogàn ), ki kanpe pou kounya men k ap tounen nan yon ti tan.

L.C.- Kisa ki te pouse w ekri sou Dino jouk ou retire l nan lari ?

D.M.- Se etònman. Kiryozite jounalistik ak akademik mwen. Kapasite sa pou m wè sa pa nòmal, pandan tout moun ap gade l chak jou tankou l te nòmal.

Gen lòt timoun nan lari. Men pa t gen anpil yon Manman ki gen maladi mantal t ap anchennen, maltrete, anprizonnen.

L.C- Sou ki pwojè jounalistik Diery Marcelin ap travay ?

D.M.- M ap eseye estriktire pwòp afè m. Mete The Thinker, Mawoule Post, Elatriye, Rara Lakay Nou, DM Post anndan yon gwoup ( d.media ). N ap g on sèl ekip, on sèl espas travay.

Amenajman espas sa a deja an kou. Se yon estidyo kote n ap ka kreye plis kontni. Men tou pwodui pou OUPSSS ( Ajans kominikasyon ak piblisite m ).

Aprè sa a, mwen gen yon konpilasyon atik ( yon ouvraj ) sou metye k ap lanse an me 2026. 1e nimewo a pou enfimye ak enfimyè. Nou gen plizyè lòt ouvraj nan tiwa ki ka lage.

Nan janvye a menm, m ap pibliye 2 gid, youn sou Redaksyon ak yon lòt sou Redaksyon jounalistik. Y ap tou parèt ak videyo kou sa yo.

An atandan, n ap kontinye kreye kontni pou rezo sosyal.


Discover more from Yogann Magazine

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *