Gonaïves leve anba gwo chòk jodi lendi 2 fevriye 2026, apre yon evènman grav ki boulvèse lòd piblik la. Yon gwoup chofè taksi-moto rive mete dife nan Mer vil Gonaïves, kòm reyaksyon ak lanmò youn nan kolèg yo nan yon aksidan sikilasyon.
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, aksidan an ta fèt akòz yon gwo baskil ki te kanpe anpàn bò wout la, san siy avètisman klè. Yon chofè taksi-moto ta vin frape baskil sa a, sa ki lakòz li pèdi lavi li sou plas. Tragedi sa a te pwovoke yon gwo kòlè lakay lòt chofè moto yo, ki denonse neglijans ak mank mezi sekirite sou wout yo.
Nan moman kolè a te monte, chofè yo te premye mete dife nan baskil la, yo konsidere kòm koz prensipal aksidan an. Men sitiyasyon an pa t rete la. Manifestasyon an te vin pran yon lòt dimansyon, lè kèk manifestan te deplase rive devan Meri vil Gonaïves, kote yo te mete dife tou, sa ki lakoz gwo domaj materyèl.
Jiska prezan, otorite lokal yo poko bay yon deklarasyon ofisyèl sou bilan domaj yo ni sou mezi yo pran pou retabli lòd la. Popilasyon an, bò kote pa l, rete nan kè sote, pandan anpil moun ap mande plis responsabilite nan jesyon sikilasyon ak sekirite wout yo.
Evènman sa a relanse yon lòt fwa ankò deba sou sekirite sou wout, responsablite otorite yo, ak fason pou jere konfli sosyal san vyolans. Plizyè vwa ap leve pou mande jistis pou viktim nan, men tou pou evite zak destriksyon ki mete lavi ak byen piblik an danje.
Nap kontinye swiv dosye sa a pou pote plis detay bay piblik la.
Discover more from Yogann Magazine
Subscribe to get the latest posts sent to your email.


